Tap Passenger icon

Tap Passenger

Steve Salvant
Free
50+ downloads

About Tap Passenger

TAP app ofri sèvis rezèvasyon transpò ki pi rapid pou taxi, machin prive, avek motosiklèt.

Vwayaje ak konfyans konnen ke TAP app investi anpil sou antrènman an pèsòn, fòmasyon sou intènèt avek background tchèk sou chak chofè pou asire tout sekirite ak konfò ou merite

NAN KARAKTERISTIK SEKIRITE TAP APP
SOS bouton sou ekran: Ou ka kontakte sèvis ijans oswa otorite lokal yo dirèkteman nan app la
Nimewo telefòn maske: Tap app maske nimewo telefòn pasaje a pou chofè pa wè nimewo a lè li nan apèl ni nan tèks
Karakteristik kontak ijans: kite w ajoute jiska 5 kontak nan lis kontak ijans ou. tout kontak aktif yo jwenn yon mesaj tèks nan telefòn yo ak yon lyen lokalizasyon andirèk pou yo swiv chak woulib ou pran pou yo konnen ou rive nan destinasyon ou an.

KIJAN YO MANDE YON WOULIB SOU TAP app:
1. Telechaje aplikasyon an gratis epi anrejistre kont ou avek yon imèl epi yon nimero telefòn mobil valab
2. Wap resevwa yon OTP ki se yon Kod 4 chif kap vini pa tèks nan nimero telefòn ou epi wap antre li pou ou fini avek anrejisreman an
3. Lè ou pare pou fè yon rezèvasyon pou konyea oubyen rezève an avans! Aplikasyon an oto-detekte kote ou ye a. Chwazi kalite transpò ou bezwen-Taksi, Machin prive oswa motosiklèt
4. Antre adrès kote ou prale oubyen chèche pozisyon an sou kat la.
5.Chwazi konman ou vle paye, Kach, credit kat oubyen bous TAP
6.konfime pozisyon kote ou ye a
7. Apre sa Tap App ap matche ou avek yon chofè
8. Lè TAP app matche w avek yon chofè, wap wè foto avek veyikil chofè a epi ou ka swiv andirèk pandan chofè a sou wout poul vin chèche w
9. Ou gen opsyon pou ou tèks oubyen rele chofè a jis anka ou genyen kesyon, sonje chofè an pap janm kapab wè nimero telefòn ou.

GADE ESTIMASYON PWI WOULIB
Peye pa Lajan Kach, Moncash, Kat Kredi, oswa bous TAP - chwa a se pou ou. Avek TAP app ou ka wè pri woulib la lè ou fin antre kote ou prale a, pap gen sipriz eksepte si ou chanje destinasyon ou ki posib pou ou fè nan TAP app la. Ou pral resevwa yon resi imèl imedyatman apre woulib la.

KARAKTERISTIK
1.Apel avek Mesaj tèks nan app la ant pasaje avek chofè nan tan reyèl
2.Chofè preferans Gason oswa Fi
3. Rezève yon woulib pou yon lòt moun, pèmèt ou fè yon rezèvasyon woulib pou yon zanmi oswa yon manm fanmi ki pral resevwa yon lyen poul swiv andirèk kote egzakteman chofè a ye.
4.Make chofè ou pi renmen yo nan fen yon woulib, epi aplikasyon TAP la ap toujou eseye matche w ak youn nan chofè ou pi renmen yo, Si yon chofè nan lis la alantou, Lè sa a ou ka aktyèlman chwazi chofè ou pi pito an pou woulib la.
5.Rezève plizyè woulib, Pandan ke ou nan yon woulib ou ka fè yon lòt rezèvasyon pou yon zanmi oswa yon manm fanmi ki gen nimero telefòn li nan kontak ou.

EVALYE VWAYAJ OU
Apre chak woulib ou ka soumèt yon evalyasyon de yon etwal jiska 5 etwal, yon etwal vle di vwayaj la te mal pase, 5 etwal vle di vwayal la te byen pase, epi tou ou ka ekri yon konmantè pou dekri experyans ou avek chofè sa. Chofè gen aksè pou li evalye w tou. Nou menm Nan TAP app nou pran evalyasyon yo trè serye paske sa kapab detèmime relasyon ou avek chofè a nan platfòm TAP app la.

Ou genyen yon kesyon? Vizite https://tapride.info

Tap Passenger Screenshots